Mwen konprann siyati mwen montre mwen bay konsantman m pou Pwofesyonèl nan Sant Sante Eskolè/Dantè ki nan CCHS yo trete pitit mwen an epi pou yo kominike ak pwofeyonèl swen sante prensipal pitit mwen an. Mwen bay CCHS pèmisyon pou rele lakay mwen, kite yon mesaj konsènan enfòmasyon sou swen sante. CCHS gen dwa voye enfòmasyon sou swen sante lakay mwen pa mwayen kourye.
Mwen konprann yo pral itilize enfòmasyon sou sante pitit mwen an pou tretman, pèman ak pou entèvansyon anrapò ak swen sante.
Mwen rekonèt yo pral itilize anyè eskolè yo pou jwenn enfòmasyon ki rete vid nan fòm enskripsyon an.
Yo gen dwa pataje dosye vaksinasyon pitit mwen an ant Enfimyè Eskolè a ak Sant Sante Eskolè/Dantè yo. Pou rezon kowòdinasyon swen ak jesyon ka, Anplwaye Klinik Esklolè a pral gen aksè ak dosye sante SBHC/SBDP yo epi Anplwaye Klinik Eskolè a pral pataje enfòmasyon medikal yo ak pèsonèl SBHC/SBDP. Anplwaye klinik Eskolè a gen obligasyon pou trete enfòmasyon ki nan dosye sante SBHC/SBDP yo kòm bagay ki konfidansyèl epi yo dwe respekte Lwa sou konfidansyalite HIPAA yo ak Lwa FERPA yo.
Mwen konprann elèv la gen dwa mande pou vizit yo rete konfidansyèl. Lwa Maryland yo pa egzije konsantman paran yo pou tretman oswa konsèy konsènan depandans dwòg, alkòl, maladi moun pran nan fè sèks, gwosès, oswa metòd planin. Elèv ki gen 12 zan oswa plis ka resevwa sèvis sante konpòtmantal san konsantman paran yo. Nan okenn sikonstans, dosye SBHC/SBDP p ap vin fè pati dosye sante eskolè elèv la.
Mwen konprann se konpayi asirans mwen an oswa Asistans Medikal mwen jwenn ki pral peye fakti pou sèvis yo bay pitit mwen an. Mwen ka resevwa yon fakti nan men CCHS pou kopeman ak/oswa dediksyon yo.
Mwen konprann siyati mwen montre mwen te gen opòtinite pou resevwa epi egzamine Avi sou Pratik Konfidansyalite Choptank Community Health la. Si mwen pa gen asirans, y ap mete tout pri sèvis yo nan fakti frè pou vizit yo oswa nan yon pousantaj redui ak yon rabè frè varyab, si sa aplikab. Yo pral ban m yon Aplikasyon Frè Varyab, kit mwen gen asirans sante/dantè oswa non.